Nasyonzini (ONU) ak gouvènman an Ayisyen an mande 145,6 milyon dola ameriken pou Ayiti. Dapre ONU sòm kòb sa a ta dwe sipòte repons ijans peyi a pou bay èd pou sove lavi 1.4 milyon moun k ap viv nan zòn ki pi afekte yo epi ede sove lavi yo.
Dènye bilan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) ayisyen kominike ayè lendi 13 Novanm 2022 a gen 8.708 ka kolera sispèk, 802 ka konfime ak 161 moun ki pèdi lavi yo anba maladi a. Laj mwayèn moun ki entène lopital yo se 21 lane dapre sa Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an fè konnen.
Nasyonzini te di travayè imanitè li yo ak patnè li yo bezwen finansman pou sipòte otorite nasyonal yo nan efò y ap fè pou yo anpeche pwopagasyon kolera a, pandan y ap adrese bezwen ijan pou grangou, nitrisyon ak sekirite nan zòn ki pi afekte yo nan peyi a.
Yon lòt bò, Ulrika Richardson, Kowòdonatè Rezidan ak Imanitè Nasyonzini ann Ayiti, fè konnen si enstitisyon nasyonal yo mete an plas yon estrateji pou reponn ak epidemi an ak sipò kominote imanitè entènasyonal yo, ogmantasyon ka yo nan semèn ki sot pase yo ak sikilasyon kolera a rapid an Ayiti enkyetan anpil.
Nap note dènye analiz Nasyonzini an montre 4.7 milyon moun prèske mwatye nan popilasyon an pa konnen ki kote manje yo pral soti. Chif sa yo gen ladan 19,000 moun ki, pou premye fwa nan istwa resan Ayiti, ap fè fas ak nivo katastwofik grangou sa a.