Nasyonzini rekonèt li difisil anpil pou mobilize kominote entènasyonal la pou ede Ayiti

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
nasyonzini rekonèt li difisil anpil pou mobilize kominote entènasyonal la pou ede ayiti

Nasyonzini fè konnen genyen anpil difikilte pou mobilize kominote entènasyonal la pou l fè fas ak kriz k ap travèse peyi d Ayiti aktyèlman an. Konpoze yon fòs miltinasyonal pou fè yon entèvansyon prese prese sou teritwa a toujou rete yon veritab defi.

Sekretè jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres, deklare prensipal misyon kominote entènasyonal la se ta dwe fòme yon fòs polis entènasyonal pou vin mete yon bout nan aktivite banditis yo pa bò isit epi soutni yon pwosesis politik tout pati yo rekonèt.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Se te yon egzèsis ki difisil anpil. Li te difisil anpil pou n mobilize volonte peyi ki plis gen kapasite pou mennen operasyon sila a. Konsa tou te genyen anpil difikilte pou kreye kondisyon politik pou peyi sa yo te aksepte patisipe nan aksyon sila yo pi fasilman”, te deklare Antonio Guterres pandan yon konferans pou Laprès bò kote premye minis Jamayik la, Andrew Holness.

Mesye Guterres ki manifeste soutyen l ak inisyativ Jamayik pran yo nan dosye Ayiti a, remèsye M. Holness paske Jamayik se premye peyi “ki eksprime imedyatman volonte l pou patisipe nan operasyon k ap gen pou mennen sou teritwa a”.

N ap raple, Jamayik se youn nan peyi ki kontribiye nan yon pwosesis politik “ki pral tante rasanble diferan aktè yo nan entènasyonal la ak an Ayiti pou yo jwenn yon solisyon ak kriz politik sa ki kenbe peyi a nan yon enpas depi kèk tan”. Pou sa, Sekretè jeneral Nasyonzini an pwomèt Jamayik “fèm defans” li, kominote entènasyonal la ap “rekonèt siksè efò li yo”.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.