Atakan brezilyen an k ap pran swen depi aprè blese nan cheviy dwat li an ki lakoz l ap rate tou rès fen sezon an, pèdi ayè mèkredi an yon milyon ewo nan yon pati Poker.
Neymar Jr ki se yon pasyone nan jwèt sa, pwofite de peryòd endisponiblite l sou tèren foutbòl yo pou jwe kote li pèdi yon total 5,6 milyon réais (lajan Brezil), yon kantite lajan ki gen valè yon milyon ewo.
Nan yon videyo k ap sikile sou tout rezo sosyal yo, lajan sa atakan brezilyen an pèdi ayè mèkredi an nan pati Poker sa deranje l konplètman kote l ta pral menm kriye.
Yon nouvèl ki fè pale anpil kote, yon fwa anplis, atakan PSG an bay posiblite ak moun ki toujou ap kritike konpòtman l yo pou kapab kontinye fè sa sitou avèk blese li yo k ap repete prèske chak sezon.
Facebook Comments