Ouganda otorize penn de mò pou sitwayen LGBTQ yo

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
ouganda otorize penn de mò pou sitwayen lgbtq yo

Se ofisyèl, Palman Ouganda a adopte yon lwa ki ranfòse kriminalizasyon omoseksyalite sou teritwa jiska penn de mò. 387 depite vote an favè ranfòsman lwa sila, kont 2 ki kont sèlman.

21 mas pase a, te gen gwo deba sou zafè kominote LGBTQ a nan Palman Ouganda a, e majorite asanble a antann yo pou di depi yon moun ap pratike omoseksyalite l ap pran prizon a vi, konsa tou penn de mò ka vini tou.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lwa prevwa kenpòt moun ki pa denonse yon omoseksyèl ap pran 6 lane prizon, e yon moun ki òganize yon maryaj omoseksyèl ap pran 10 lane prizon. Se menm jan tou pou sila ki deside lwe yo chanm pou dòmi ak fè bagay.

Sepandan, lwa sila dwe jwenn men leve chèf Leta peyi a Yoweri Museveni, ak anpil presyon sou do li, ki gen yon mwa sèlman pou l valide l.

Fas ak sitiyasyon an, Wo Komisè Nasyonzini pou dwa moun, Volker Türk, di li genyen gwo enkyetid si lwa sila pase. “Sa kapab bay fe vè pou yo vyole sistematikman tout dwa moun”, se sa l fè konnen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.