Nòt la sale pou Pòtigal, istwa a bèl pou Mawòk ! 

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
nòt la sale pou pòtigal, istwa a bèl pou mawòk ! 

Mawòk kontinye kreye sipriz nan Mondyal FIFA, Kata 2022 a. Mawoken yo elimine Pòtigal (1-0) nan kadefinal Koupdimonn nan, 10 Desanm nan. Se premye peyi Afriken ki rive atenn dènye kare a. 

Nan tout istwa Mondyal FIFA a, pa t janm gen yon seleksyon Afrikèn ki te rive fè sa Mawòk fè a. Ak yon kout viktwa sou Pòtigal (1-0), peyi Magrèb la valide biyè l pou demifinal konpetisyon an. Sa kanpe la pou Cristiano Ronaldo ak konpatriyòt li yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se nan fen premye mitan an Mawòk te jwenn ouvèti eskò a gras ak Youssef En-Nesyri. Yon grenn gòl ki tou kole pou tout rès match la. Mawòk fè rès tan an ap jere avantaj menm si l rive pèdi kapitèn li Romain Saiss ak Hakim Ziyech ki te pran chòk. 

Malgre tout aso Pòtigal, yo pa janm rive jwenn brèch la nan defans Mawòk la ki te kanpe yon blòk solid devan Bounou ki pa t kite anyen pase. Yo rive bay kontinan Afriken an premye reprezantan l nan 4 pi bon ekip nan yon Mondyal FIFA òganize. 

Cristiano Ronaldo te sou senkyèm esè l ak Pòtigal pou l ranpòte yon Koupdimonn. Sanble se yon rèv ki p ap janm reyalize lè n gade dènye eliminasyon sa nan sa ki ta dwe dènye patisipasyon CR7 nan yon Mondyal. Nòt la sale pou Pòtigal, istwa a bèl pou Mawòk. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia