Match Real Madrid fas Rayo Vallecano nan Santiago Bernabeu a ayè mèkredi a te atire atansyon mond lan kote dirijan, jwè ak fanatik yo bay yon repons ak Valence aprè kri ak konpòtman rasis anpil te genyen kont Vinicius lan. Soutyen yo te soti tout kote nan mond lan pou di Brezilyen an li pa pou kont li nan batay sa. Yon fè enpòtan nan match la, Vinicius te chita menm kote ak prezidan Real Madrid la, Florentino Pérez.
Chak jwè te pote nimewo 20 Vinicius la avan rankont lan fas ekip Rayo Vallecano a, bay do ak fotograf yo epi fè foto ak yon afich ki ekri : « Rasis pa nan foutbòl la ». Se yon mesaj pou tout mond lan kote tout fòm diskriminasyon kontinye ap fè chimen yo. Foutbòl la se youn nan disiplin kote anpil jwè viktim kri ak konpòtman rasis chak ane, preske nan tout gran chanpyona yo.
Real Madrid genyen match la 2-1 avèk Karim Benzema epi Rodrygo ki fè gòl yo. Si Benzema pa t selebre gòl li a paske t ap bwate, Rodrygo te selebre gòl ki bay Merengue yo viktwa a ak yon pwen li leve epi tèt bese. Yon jès John Carlos te fè nan JO 1968 lan nan peyi Meksik. Se senbòl pou lite kont rasis nan mond lan.
Yon lòt fwa ankò, mond lan montre batay pou rasis la pa dwe kanpe. Se vre Vinicius se youn nan viktim yo, men konbyen lòt jwè ki rete nan silans yo, ki asepte sibi konpòtman rasis sa yo nan lòt disiplin yo ki pa pale ? Se yon batay ki konsenè tout moun. Yon angajman pou chak moun ki kwè koulè po yon moun pa dwe kondane l.
Facebook Comments