Nouvo Chèf BINUH an, María Isabel Salvador, antre an fonksyon

Ravensley Boisrond
Par Ravensley Boisrond
nouvo chèf binuh an, maría isabel salvador, antre an fonksyon

Nouvo Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ayiti ak Chèf Biwo Entegrasyon Nasyonzini an Ayiti, María Isabel Salvador, pran ofisyèlman biwo jodi 3 avril la, daprè yon Kominike BINUH pibliye.

María Isabel Salvador antre ofisyèlman an fonksyon lendi 3 avril la. Li ranplase Helen Lalime nan pòs sila, anpil sektè nan lavi nasyonal la te kritike anpil.

“Mwen remèsye Sekretè Jeneral la pou konfyans li mete nan mwen pou dirije @BINUH_UN. Mwen paka tann pou m koute pèp ayisyen an, pou m kontinye sipòte efò pou rezoud kriz aktyèl la epi pou m travay pou konstwi yon konsansis pou restorasyon demokrasi a,” li te di nan yon mesaj sou kont Twitter  BINUH an.

N ap souliye, Maria Isabel Salvador gen plis pase 25 lane eksperyans nan jesyon, konsèy, politik ak diplomatik. Li te Prezidan Konsèy Gouvènman Galapagos (2013-2015), Reprezantan Pèmanan Ekwatè nan Òganizasyon Eta Ameriken yo (2010-2013), Manm Palman an Andin (2009-2010), ak Minis Afè Etranjè, Komès ak Entegrasyon (2007-2008) ak Minis Touris (2005-2007) nan peyi Ekwatè.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia