Novak Djokovic bat Enzo Couacaud nan 4 sets  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
novak djokovic bat enzo couacaud nan 4 sets  

Nan Rod Laver Arena, Djokovic genyen Enzo Couacaud nan 4 sets (6-1, 6-7, 6-2, 6-0) 3è 04 minit yo jwe. Sèb la jwenn kalifikasyon li pou 3zyèm tou Open Australie a, malgre kondisyon fizik li pat fin bon nèt. Jwè ki gen plis tit nan tounwa sa, ap gen pou l toke konn li ak Grigor Dimitrov.  

Nan 4 manch Novak Djokovic rive elimine fransè a (6-1, 6-7, 6-2, 6-0), ki t ap jwe youn nan pi gwo match nan karyè li, yon match ki te enpòtan anpil pou Enzo Couacaud. Sèb la kalifye pou 3zyèm tou a kote l pral afwonte bilga Grigor Dimitrov. Viktwa sa se 23zyèm match youn deyè lòt, Djokovic genyen nan konpetisyon an.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jwè ki pran plis tit la Melbourne pat fin anfòm fizikman, li te menm rive pèdi  dezyèm manch lan.  Men sa pat anpeche l jwe fòs ak mantalite pou l te kontinye jwe epi pase woulo konpresè a sou advèsè li a.  

Se ak yon etikèt favori, Djokovic ap jwe tounwa sa, jwè ki pran Grand Chelem nan 21 fwa, epi ki pran Open Australie a 9 fwa parèt jwè ki kapab pran konpetisyon an yon 10yèm fwa, men li dwe retire Bilga nan 3zyèm tou a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive