Yon dizèn ayisyen blese nan yon aksidan sikilasyon an Repiblik Dominikèn 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon dizèn ayisyen blese nan yon aksidan sikilasyon an repiblik dominikèn 

Sou wout Santiago Rodriguez-Mao ki twouve l nan seksyon Laguna de la Ceiba an Repiblik Dominikèn, genyen 10 ayisyen ki sòti blese nan yon aksidan sikilasyon ki fèt ayè mèkredi 18 janvye 2023 a. 

Ayisyen sa yo ki te yon total 17 nan yon machin ki t ap transpòte yo ilegalman an Repiblik Dominikèn, fè aksidan ayè byen bonè nan maten sou lòtbò fwontyè a kote machin yo te ladan l lan t al frape ak yon lòt ki te sou menm wout la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dis pami 17 konpatriyòt sa yo sòti blese nan aksidan sikilasyon sa kote gen ladan yo ka yo grav daprè kominikasyon ki sòti bò kote otorite sanitè dominiken yo e medya yo rapòte.  

Blese sa yo nou pa rive jwenn idantite yo aprè aksidan sa, te jwenn èd fòs sekirite ak ijans yo an Repiblik Dominikèn ki te transfere yo rapid vit nan divès lopital ki nan rejyon an pou pran swen ka yo nesesite.  

Daprè Lapolis, ayisyen sa yo ki pa t gen okenn papye legal pou rantre sou teritwa dominiken an, te sòti Wanament pou rann yo Santiago kote yo peye 12,000 pèso yo chak ak chofè a ki se yon dominiken e ki te tou mawon aprè aksidan an. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.