OCNH prezante kantite ka omisid pou mwa avril 2023 a

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
ocnh prezante kantite ka omisid pou mwa avril 2023 a

Òganizasyon Sitwayen pou yon Nouvo Ayiti-OCNH prezante bilan ka omisid pou mwa avril 2023 a, jan yo toujou fè pou chak mwa. Pou mwa Avril la, daprè chif Òganizasyon dwa moun nan sitiyasyon an te alamant anpil.

Nan rapò li a, Òganizasyon Sitwayen pou yon Nouvo Ayiti-OCNH, fè konnen lè yo ap gade sitiyasyon ki gen nan peyi a kote lagè gang, masak gang ame òganize, swadizan bandi yo touye ak boule pa popilasyon an nan kèk katye nan lè metwopolitèn nan ak nan tout peyi a, montre ensekirite pran plas li nan sosyete a.

Vrèman vre, Òganizasyon an te idantifye, sou tout teritwa a, omwen 264 ka omisid, daprè sa OCNH fè konnen majorite nan yo reprezante 92.8% ki soti nan depatman Lwès la.

Pami 264 moun sa yo ki te touye, asasinen oswa boule, OCNH anrejistre omwen 11 fanm, 7 tibebe ki te fèk fèt, 3 ti gason, 4 tifi, 4 polisye, 4 jounalis, 2 avoka ak yon pwofesè ki te pran yon bal mawon.

Nan kontèks sa, OCNH, nan non moun ki touye, mitile, maltrete, kidnape, vyole, mande pou otorite yo pran aksyon konkrè pou reyalize epi tabli yon klima lapè ak serenite anndan peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.