Jude Bellingham pa lwen siyen nan Real Madrid

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
jude bellingham pa lwen siyen nan real madrid

Mitan tèren Borussia Dortmund lan, Jude Bellingham, tou pre siyen nan Real Madrid pou sezon k ap vini an daprè sa jounal alman ‘BILD’ fè konnen jodi mèkredi 3 mai a.

Mitan tèren anglè a ki pami pi gwo talan jenerasyon foutbòl la jodia, kapab rejwenn Real Madrid sezon k ap vini an pou yon transfè ki kapab koute ant 100 a 120 milyon ewo daprè jounal alman an.

Jude Bellingham ki chaje lòt klèb ki te vle jwenn sèvis li, prensipalman jeyan anglè a, te prefere Real Madrid kote li ta dwe siyen yon kontra pou 6 lane k ap lye l ak “Merengue” yo jiska 2029.

Ansyen jwè Birmingham City an ki te rejwenn Borussia Dortmund nan lane 2020 reyisi rapidman enpoze l nan foutbòl mondyal la kote jounen jodia li pami bi bon jwè jenerasyon pa l la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.