Òganizasyon « Soup libète » anonse l ap distribiye 15,000 bòl Soup joumou nan dat premye janvye 2023 a 

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
Òganizasyon soup libète anonse l ap distribiye 15,000 bòl soup joumou nan dat premye janvye 2023 a

Òganizasyon « Soup libète » anonse vandredi 24 desanm nan senkyèm edisyon festival li a. « N ap reyaprann pataje pou nou ka jwenn » se tèm yo chwazi pou senkyèm edisyon evènman istorik ak sosyo-kiltirèl sa a. Pou rezon sa, enstitisyon an planifye pou l distribye 14,500 bòl soup divès kote nan peyi a. 

 « Soup libète » se yon senbòl inyon tout sektè nan sosyete a pou mete peyi a sou chemen lapè, sekirite ak devlopman dirab, » eksplikasyon Ashley St Ville, manm kowòdinasyon « Soup libète ». 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dapre li, Soup libète travay ak lidè kominote yo, pou sipòte yo nan preparasyon « Soup libète » nan rejyon respektif yo. Pou senkyèm edisyon kanpay la, estrikti a planifye pou asire 14,500 bòl soup pou distribye nan divès pwen nan peyi a. 

Pou rezon sila, òganizasyon an konte sou koperasyon filantwop yo. Nan sans sa a, Ashley mande tout moun pou sipòte reyalizasyon pwochèn edisyon an, ki deja gen pou bidjè 10,000 dola ameriken. Lajan sa a pral itilize pou achte joumou ak lòt engredyan pou preparasyon popilè soup tradisyonèl la. 

« Moun ki entrèse ka fè yon depo atravè sèvis Mon Cash, sou nimewo sa; 5094650 2206, ki anrejistre sou non Raymond Lebours, oswa fè yon depo an goud atravè kont BUH la, nimewo kont lan se; 2 – 000 000 326 47 » Pesizyon youn nan responsab estrikti sila. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.