Aprè yon mwa kote tout atansyon fanatik foutbòl te sou Mondyal la nan peyi Kata, jodi lendi 26 desanm lan, chanpyona anglè a retounen pou pi rèd pendan fèt nwèl la, Boxing day la, se yon tradisyon fanatik foutbòl nan peyi Angletè p ap rate pou yo pran plezi yo pendan fèt nwèl la.
Anpil bèl afich nan Premier League la ak tradisyon foutbòl sa ki rele Boxing Day nan peyi Angletè. Aprè foutbòl la fin travèse dezè katari a, champyona anglè a retounen pou bi bèl kote jodi lendi a ak demen madi pou rive jis 5 janvye tout ekip yo ap toke kòn yo pou 17e, 18e ak 19e jounen yo.
Pou jodi lendi a ekip Newcastle la gentan kraze Leicester (3-0), epi Fulham maltrete Crystal Palace sou menm rezilta. San n pa bliye ekip Brighton nan ki bat Southampton (3-1). Nan menm jounen sa tou Arsenal ki se lidè Premier League la ap gen pou l jwe ak West Ham epi Liverpool fas Aston Villa.
Men rès pwogramasyon Boxing Day la, soti nan 17èm jounen pou rive nan 19èm jounen
17e jounen
Madi 27 desann
- Chelsea – Bournemouth
- ManchesterUnited -Nottingham
Mèkredi 28 desann
Leeds – Manchester City
18e jounen
Vandredi 30 desann
- West Ham – Brentford
- Liverpool – Leicester
Samedi 31 desann
- Wolves – Manchester United
- Bournemouth – Crystal Palace
- Fulham – Southampton
- Manchester City – Everton
- Newcastle – Leeds
- Brighton – Arsenal
Dimanch 1e janvye
- Tottenham – Aston Villa
- Nottingham – Chelsea
19e jounen
Lundi 2 janvier
Brentford -Liverpool
Madi 3 janvye
- Arsenal – Newcastle
- Everton – Brighton
- Leicester – Fulham
- Manchester United – Bournemouth
Mèkredi 4 janvye
- Southampton – Nottingham
- Leeds – West Ham
- Aston Villa- Wolves
- Crystal Palace – Tottenham
Jedi 5 janvye
- Chelsea- Manchester City
Facebook Comments