OIM demanti enfòmasyon ki fè kwè l ap òganize vwayaj pou ayisyen yo ki bloke Latiki 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
oim demanti enfòmasyon ki fè kwè l ap òganize vwayaj pou ayisyen yo ki bloke latiki

Nan yon kominike ki pibliye pandan wikenn ki sot pase a, Òganizasyon entènasyonal migrasyon yo an Ayiti (OIM) demanti enfòmasyon ki fè kwè l ap òganize vwayaj pandan mwa desanm lan pou ayisyen yo ki bloke nan peyi Latiki. 

Depi kòmansman ane an, plizyè santèn ayisyen k ap viv move lavi nan peyi Latiki pa sispann mande sekou gouvènman ayisyen an ak patnè li yo nan kesyon migrasyon, prensipalman OIM, pou fasilite yo retounen an Ayiti. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan kominike sa ki rann piblik, OIM demanti enfòmasyon sa k ap sikile prensipalman sou rezo sosyal yo pou fè konprann gen vwayaj k ap òganize pandan mwa desanm lan pou fasilite retounen nan peyi a konpatriyòt sa yo k ap mal viv nan peyi Latiki. 

« OIM konsyan gen anpil ayisyen ki nan sitiyasyon difisil nan peyi Latiki, men fòk tout moun konnen OIM toujou asire l tout migran vwayaje nan bon jan kondisyon ak sekirite lè y ap tounen nan peyi yo», sa nou kapab li nan kominike sa. 

Òganizasyon an fè konnen y ap swiv anpil, ansanm ak otorite peyi Latiki yo, evolisyon sitiyasyon peyi Dayiti an pandan l souliye sekirite migran yo kòm youn nan priyorite yo genyen. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.