Okap : Yon nonm boule tèt li devan moniman vètyè yo ak yon drapo Ayiti bò kote l

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
okap yon nonm boule tèt li devan moniman vètyè yo ak yon drapo ayiti bò kote l

Karl-Udson Azor, se non yon nonm 30 lane ki rive touye tèt li aprèmidi dimanch 21 me 2023 a nan vil Okap aprè li ta fin distribiye plizyè biyè mil Goud bay popilasyon Kapwa a. Enfòmasyon yo fè konnen nonm lan ta vide gaz sou tèt li aprè charite sa a epi boule tèt li ak yon drapo Ayiti bò kote l.

Misye Karl-Edson ta boule tèt li devan moniman vètyè yo, sou eskalye a. Videyo nonm lan te pran pibliye sou tout rezo sosyal yo. Plizyè sous lokal, pami yo jounalis Gérard Maxineau, konfime se aprè li ta fin distribiye yon latriye mil Goud bay divès moun li ta swiside tèt li.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mouche Karl-Edson Azor se natifnatal vil Okap, li fèt yon 4 fevriye 1993. Pou moman an, redaksyon NetAlkole Média poko gen detay sou rezon ki ta lakòz nonm lan ta touye tèt li nan eta sa a, men nou ka remake nan videyo k ap sikile yo, yon pè bòt, yon chapo, yon chemiz ble, yon valiz bò kot sitwayen an ak yon drapo bikolò a.

Popilasyon an te oblije alète responsab konsène yo pou swivi legal yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.