NETALKOLE

Okay : « Dechoukay yo poko fini » Yon lòt magazen pase anba fleyo a 

Yon lòt jounen manifestasyon te sakaje vil Okay ki sitiye l nan gran Sid peyi a, ayè vandredi 9 septanm lan. Manifestan yo te leve sou brezeng yo nan lide pou te piye byen piye gwo antrepriz yo, fwa sa a se te youn nan sikisal « Matériaux de Construction » yo ki te pase anba fleyo dechoukay la. 

Aprè popilasyon nan vil jeremi an te fin pran lari epi piye yon magazen nan vil la, abitan yo nan vil Okay te leve yo menm tou yon nouvo jounen manifestasyon nan twazyèm vil peyi a, manifestan yo piye yon magazen Matériaux de Construction, ayè vandredi sa a, selon sa sous nou konfime nou. 

Antrepriz komèsyal sila a sitiye ant Route Antoine Simon an ak Avni Cartagena, te sanse pat rete anyen ankò. Manifestan yo pandan tout pakou yo tap lanse pawòl piman bouk nan degwann gouvènman Ariel Henry a pou fòse l siyen yon demisyon fòmèl. 

Mete sou sa, manifestan yo atake yon estasyon sèvis Total ki chita kò li ant Boulva 4 chemen an ak riyèl Jeneral Maryon. Domaj pat rete anyen nan ponp sa a. 

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Articles Similaires

1 of 1 155

Laisser un commentaire