Okenn klèb ayisyen p ap patisipe nan pwochen konpetisyon Concacaf yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
okenn klèb ayisyen p ap patisipe nan pwochen konpetisyon concacaf yo

Aprè echèk seleksyon ti medam U-20 yo ki pa t patisipe nan eliminatwa Concacaf yo, yon lòt move nouvèl frape pòt foutbòl ayisyen an ki p ap gen okenn klèb nan pwochen tounwa Concacaf sezon 2023-2024 yo.

Concacaf ki t ap prezante diferan konpetisyon klèb l ap gen pou òganize pandan sezon k ap vini an anonse okenn klèb ayisyen pa p patisipe nan tounwa sa yo akoz aktivite foutbòl yo ki kanpe nan peyi a depi anviwon de lane.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Desizyon sa ki pran kont foutbòl ayisyen an ta dwe kòmanse aplike apati mwa dawout k ap vini la nan pwochen Caribbean Championship yo k ap gen pou reyini yon dizèn asosyasyon foutbòl nan karayib la.

Avèk klèb ayisyen yo ki pa p gen pou patisipe nan pwochen tounwa Concacaf yo, Repiblik Dominikèn ki pa sispann pwogrese nan foutbòl zòn lan ak Jamayik benefisye yon plas sou baz pèfòmans yo pandan senk dènye edisyon konpetisyon yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.