Dwayen tribinal premye enstans Pòtoprens lan, Chavannes Etienne, chwazi Me Martel Jean Claude kòm nouvo jij enstriksyon sou dosye asasina ansyen Batonye Monferrier Dorval la.
De zan edmi depi aprè asasina brital Me Monferrier Dorval bò lakay li nan Pèleren 5, dosye sa toujou nan tiwa lajistis kote enskripsyon yo poko janm kapab fini pou voye l nan jijman.
Aprè demisyon jij Renord Regis ki t ap mennen enstriksyon dosye sa, nouvo Dwayen tribinal premye enstans Pòtoprens lan konfye l kounya avèk majistra Martel Jean Claude pou rapouswiv nan ankèt yo.
Ansyen Batonye lòd avoka Pòtoprens lan ta pral mouri anba bal endividi lajistis toujou poko rive idantifye nan dat 28 dawout 2020 pandan l t ap rantre lakay li nan Pèleren 5.
Malgre divès arestasyon ki deja fèt depi aprè zak sa, prensipalman nan kad ankèt Direksyon santral polis jidisyè an (DCPJ), dosye sa kontinye ap fè fas ak gwo difikilte ki anpeche l avanse.
Facebook Comments