Okenn tranzaksyon kriptomonnen pa otorize sou teritwa nasyonal la

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
okenn tranzaksyon kriptomonnen pa otorize sou teritwa nasyonal la (1)

Gouvènè Bank santral la, Jean Baden Dubois ki t ap reyaji aprè disparisyon platfòm CQR lan,  fè konnen okenn antite pa otorize fè tranzaksyon kriptomonnen sou teritwa nasyonal la.

Sou antèn yon estasyon radyo nan kapital la, gouvènè an ki t ap pale sou sistèm finansye ayisyen an li estime nan ki yon bon eta, lanse mesaj sa pou avèti tout gwoup ki nan echanj kriptomonnen nan peyi a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè disparisyon CQR jedi 20 avril ki sot pase a ki tou ale ak lajan plizyè milye ayisyen ki te envesti, Jean Baden Dubois voye mesaj sa egalman bay chak grenn moun ki ta anvizaje kontinye envesti nan echanj kriptomonnen sou teritwa a.

Daprè gouvènè a, Bank santral resevwa 16 antite nan domèn sa e pral kontakte otorite nan peyi Etazini yo pou konnen si yo otorize fonksyone sou teritwa yo an, sinon y ap tonbe anba gwo sanksyon.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.