Operasyon Tònad-I: Entansifikasyon operasyon yo nan fyèf

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
operasyon tònad i entansifikasyon operasyon yo nan fyèf vitelhomme innocent

Ekip Kominikasyon Lapolis Nasyonal Dayiti a (PNH) nan yon nòt fè konnen nan objektif pou yo ka jwenn epi arete lidè gang Vitelhomme Innocent ak akolit li yo, Operasyon Tònad-I an ap kontinye nan Tòsèl, sitou nan fyèf gang Kraze Barye a.

Enstitisyon Polisyè a nan nòt la di, Patwouy lapolis ap entansifye nan komin Taba, nan Pènye ak sou wout Frè elatriye…

Yon lòt bò, PNH la afime deplwaman lapolis la pèmèt aktivite yo rekòmanse, ladan yo transpò piblik, nan kafou Saint-Clair, pa twò lwen Akademi Nasyonal Lapolis la, ki chita sou wout Frè a.

Li enpòtan pou nou note, operasyon Tònad-I an kouvri tout jiridiksyon polisye, yon fason pou demonte tout fwaye gang k ap travay nan plizyè zòn nan peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.