Lapolis mare kou krab madan chèf gang Savyen an

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lapolis mare kou krab madan chèf gang savyen an

Fòs lòd yo fè yon gwo kout filè ayè mèkredi 22 Mas 2023 a nan depatman Latibonit. Erline, yo konnen l sou non sa, jwenn arestasyon l nan zòn Pon Sonde. Li se youn nan fanm chèf gang Savyen an, se sa lapolis fè konnen.

Swit ak arestasyon l, jenn fi a avwe se lakay chèf gang Luckson li t ap ale. Lapolis mare l tankou krab pou te poze l kesyon. Sou rezo sosyal li yo, patikilyèman Facebook, enstitisyon polisyè a pa bay twòp detay sou idantite Erline ak enfòmasyon li revele sou kriminèl notwa a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Toutfwa n ap raple, Luckson se youn nan chèf gang ki fè plis san koule sou teritwa ayisyen an, pami kèk lòt ki nan kapital la Pòtoprens. Nan tèt baz “Gran Grif”, li pran ba Latibonit lan pou li nèt, menm popilasyon an pa epanye.

Gen anpil ka kidnapin, detounman machin, asasina, vyòl ak vòl yo repwoche gang sila ki nan Savyen. Se yo menm ki te responsab lanmò 6 polisye yo nan Savyen, Ti Rivyè Latibonit, fen mwa janvye pase a.

Pou kounya, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) enfòme yo mete Erline, ki se youn nan fanm Luckson yo nan gadavi, pandan l ap tann sò ki rezève pou li.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.