Opinion: Konstitisyon Joujou ! Par Daly Valet

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Gen yon deba k ap fèt depi ane pase sou dat manda prezidan Jovenel ap fini. Sa se yon deba lejitim ak demokratik nan tout sosyete kote demokrasi gen plas li.

Mwen menm, mwen se youn nan moun ki panse, ki kwè e ki konvenki manda prezidan an ap fini 7 fevriye 2021. Fòk yon moun ta je chèch anpil si w nan kan prezidan an epi w ap kleronnen manda l ap fini 7 fevriye 2022. De tout fason, nan deba sa, se lafòs ki pral deside yon jan kou yon lòt.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandanstan, gen yon dosye nouvo Konstitisyon k ap pale. Pa dwe gen deba sou koze sa. Yon moun ki respekte tèt ou pa dwe ap fè deba ni reponn kesyon sou sa. Se jis makak k ap fèt. Sensèman, mwen poko janm ka konprann ki jan pou yon moun ki ale lekòl ka ap ankouraje yon prezidan nan yon briganday konsa. Sa k pi grav la , yo tout bò kote prezidan an konvenki lòbèy yo ap fè ak Manman Lwa peyi a kòrèk.

Madigra pran lari epòk kanaval. Lè sa tout moun deja konnen se madigra k ap regle koze madigra yo, epi lepèp samiz. Men, si nou pa nan epòk madigra epi pou madigra panse yo ka taye banda nan lari a konsa sèke tèt yo pa byen. Pa gen griyen dan la. Yon moun tèt dwat ap deja wè se moun fou madigra sa yo ye lè yo panse tout epòk nan ane a se epòk madigra. Plas moun fou se nan azil, pa nan lari alevwa nan pouvwa.

Pwojè Konstitisyon joujou sa pa gen avni. Pa dwe gen deba sou sa, se konbat yon moun tèt dwat dwe konbat yon pwojè moun fou konsa.

Aba tout pwojè Konstitisyon joujou !

Sitwayen, bon konba !

Daly Valet
11 Janvier 2021

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article