Pakè Okap konvoke pwopriyetè Tipsy Bar la aprè fiyansay koup lesbyèn yo

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
pakè okap konvoke pwopriyetè tipsy bar la aprè fiyansay koup lesbyèn yo (1)

Nan yon kominike Ministè jistis ak sekirite piblik pibliye jodi samdi 6 janvye 2024 la, pakè Okap konvoke pwopriyetè Tipsy Bar la, ki nan ri 22 C, pou vin reponn kesyon sou yon seri aksyon malonèt daprè ministè a ki pa sispann repete nan espas la.

Aprè komisè Charles Edouard Durand te fin fèmen pou yon ti tan disko Tipsy Bar lan aprè yon seremoni fiyansay 2 fanm nan lannwit 4 janvye a. Lajistis finalman konvoke pwopriyetè espas la pou vin reponn kesyon sou yon latriye ensidan ki pa sispann poze nan disko a. Nan nòt konvokasyon an ki piblik, pakè a konfime gen plizyè plent kont yon seri zak briganday ki toujou ap simaye nan zòn nan, tankou goumen, tire, epi menas tribò pa bò.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Toujou daprè nòt sila, se kèk moun ki abitye vin bwè nan disko Tipsy Bar la ki lotè zak briganday sa yo. Dènye zak ki te fè pale anpil la, se te yon sitwayen ki te resevwa yon kout kouto andedan espas la pandan yon aktivite, daprè sa ki ekri nan nòt lan.

Pou retire konfisyon sou desizyon lajistis nan Okap sou sa ki pase a, dirijan yo nan kò jidisyè a fè konnen aktivite lesbyanis ki te viral sou rezo sosyal yo pa sèl zak ki te lakòz desisyon sa. Pou mete bon jan limyè epi frennen zak sila yo k ap repete chak swa nan anviwon diskona, lajistis konvoke responsab espas la pou vin reponn kesyon nan dat k ap lendi 8 janvye 2024 la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.