Pap François bay yon lòt vèsyon sou zafè benediksyon koup Omoseksyèl yo

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
pap françois bay yon lòt vèsyon sou zafè benediksyon koup omoseksyèl yo

“Evèk yo gen chwa beni koup Omoseksyèl yo selon tradisyon dyosèz yo”. Se sa Pap François ekri nan yon dokiman ki date ayè jedi 4 janvye an konsènan otorizasyon pou yo beni koup Masi Madi yo.

Nan nòt pou laprès sa ki pibliye jedi a, Pap la tounen sou deklarasyon “Fiducia supplicans” lan pou l garanti se pa yon obligasyon pou tout evèk yo an jeneral pou yo aplike desizyon an sa pral depann de kilti yo ak tradisyon dyosèz yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè gwo konfli dènye deklarasyon Vatikan an te pwovoke atravè mond lan, Pap François fè konnen li te jije nesesè pou yo te revize dènye sòti sa. Pi lwen, li pèsiste evèk yo pral kapab aksepte oswa refize beni koup moun ki genyen menm sèks yo, sa nou rele pa bò isit MASIMADI an. “Kilti dyosèz la desizif epi li priyoritè”, se sa Pap la ekri.

Nan dènye deklarasyon sa Dikastè pou Doktrin Lafwa a te pibliye nan dat 18 desanm 2023 a. Li te otorize prèt yo pou beni koup yo ki nan kominote LGBTQ+ la an deyò litiji. Desizyon sa ki pran ayè a pou revize kondisyon yo nan aplikasyon sa, pral pwobableman kalme tansyon sa ki te deklannche gwo deba nan prèske tout mond lan, patikilyèman nan peyi kontinan Afrik yo.

N ap raple, Evèk Ayisyen yo aprè deklarasyon 18 desanm lan, te montre dezakò yo ak “Fiducia supplicans” lan atravè yon kominike, paske daprè yo li kontrè ak kilti nou genyen an Ayiti.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.