Papa Boutba ansanm ak yon frè bandi an konfime prezans Boutba Okay

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
papa boutba ansanm ak yon frè bandi an konfime prezans boutba okay

Komisè gouvènman Miragwàn lan, ansanm ak ekip li, pwosede jodi jedi 14 desanm lan ak arestasyon 3 sitwayen ki se papa, bèlmè epi yon frè chèf gang Maryani an, Beliose Louis Jeune, ki konnen sou non « Boutba ».

Daprè enfòmasyon yo, 3 manm fanmi endividi an ki se papa l, yon frè l ak yon bèlmè l, te kite zòn Maryani sa gen 3 lane pou vin abite Fondènèg paske Boutba te menase yo lanmò. Madi pase a, chèf gang Boutba te kontakte yo pou yo te pote rad pou li nan lavil Okay espesyalman nan Pòsali.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kontrèman ak enfòmasyon komisè jiridiksyon Okay la, Ronald Richemond, te bay nan mikwo laprès ayè mèkredi a, kòmkwa chèf gang Beliose Louis Jeune, anpil moun konnen li sou non Boutba, pa Okay. Papa endividi an demanti enfòmasyon an epi bay kèk detay ekip komisè Miragwàn nan, Jean Ernest Muscadin, te bezwen pou kontinye operasyon li.

Efektivman, chèf gang Boutba te okay, daprè konfimasyon papa prezime bandi an ki t ap reponn kesyon komisè Muscadin, « Boutba ki mete nou nan lari, li te menase m lanmò paske m pa renmen sa l ap fè yo » li te reponn konsa.

Bò kote gran frè a, ki li mennm tou jwenn arestasyon l, Boutba te rele l madi pase a sou yon nimewo Digicel, « li fin di nou pou nou vini ak kèk rad pou li Pòsali, li ban nou adrès la epi papa m kase sim nan, pou l pa rele ankò,» te deklare gran frè prezime bandi an.

N ap raple, nan fen semèn ki sot pase a, komisè Muscadin te tanmen yon operasyon nan Pòsali kont yon latriye bandi ki ta soti Maryani, epi ki te genyen nan tèt yo pisan chèf gang Boutba, nan lide pou te patisipe nan fineray Wilner Salomon.

Operasyon sa pat rive reyisi akòz soutyen Charles Didier Saint Juste, yon anplwaye ministè jistis epi antreprenè nan vil Okay, bandi yo te jwenn, si n ta kwè dènye deklarasyon komisè Jean Ernest Muscadin.

 

Source Photo: Tout Detay TV

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.