Paspò ayisyen an se dokiman vwayaj ki pi limite nan amerik ak nan karayib la 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
paspò ayisyen an se dokiman vwayaj ki pi limite nan amerik ak nan karayib la 

Definitivman pa gen twòp domèn Ayiti fè ekselans. Nan klasman chak ane Sosyete britanik konsèy « Henley & Patners» pibliye, Paspò ayisyen an klase kòm bon dènye nan amerik la ak nan karayib la sou yon echantiyon 199 paspò pou 227 destinasyon vwayaj diferan. 

Endèks restriksyon sou viza « Henley Passport Index 2022 », se yon endis ki klase paspò yo selon kantite peyi destinasyon san nesesite demach viza dabò. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Selon endèks la, paspò ayisyen an klase dènye pami peyi karayib yo e pèmèt aksè ak sèlman 49 peyi nan mond lan san viza dabò. Nan klasman sa, Ayiti twouve l nan 97èm plas mondyal ansanm avèk paspò kongolè a. 

Pandanstan, sou lòt bò fwontyè a, paspò dominiken an twouve l 78èm mondyal, avèk yon aksè pou vwayaje nan 70 peyi nan mond lan san viza. 

Nan tout rejyon karayib la, daprè klasman sa pou ane 2022 a, Barbade, St. Kitts and Nevis ak Bahamas de twa peyi paspò yo bay aksè vwayaj ak plis peyi san nesesite viza dabò avèk respektivman 163, 157 ak 155 peyi nan mond lan. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.