Senatè Patrice Dumont mande Joseph Lambert wete kòl kòm prezidan sena a 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
senatè patrice dumont mande joseph lambert wete kòl kòm prezidan sena a 

Senatè Pierre Paul Patrice Dumont nan yon lèt tou louvri  mande kòlèg li a, Senatè Joseph Lambert pou l demisyone kòm Prezidan rès tyè Sena a, aprè kokenn chenn revelasyon depatman jistis nan peyi Tonton Sam ta fè sou yon seri dosye malouk. 

Atravè korespondans sa a ki te adrese Senatè Lambert ki date 9 novanm 2022, senatè a mete aksan sou desizyon sa a ki kapab pèmèt prezidan an gen ase agiman pou l defann tèt li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 » Etandone dènye devlopman diplomatik kriz total k ap boulvèse lavi nasyonal la ap frape Sena Repiblik la ak tout fòs, mwen panse li apwopriye pou m mande w retire kò w nan pòs prezidans lan « , Senatè Patrice Dumont te ekri Joseph Lambert. 

Yon lòt bò, li mande Asanble Sena a pou yo reyini prese prese alantou dosye sa a pou yon swivi apwopriye. 

Depi aprè akizasyon yo, Youri Latortue bò kote pa l demisyone nan tout antrepriz li te gen akwentans yo nan sousi pou anpeche yo sibi akizasyon ki sou do l yo. 

N ap raple Senatè Joseph Lambert, prezidan tyè ki rete nan Sena a, ansanm ak ansyen kòlèg li a, Senatè Youri Latortue, endekse kòm endividi ki genyen dwèt yo tranpe byen long nan dil dwòg ak zak koripsyon, daprè rezon sanksyon lajistis peyi Kanada ak Etazini 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.