Pauris Jean-Baptiste, ansyen prezidan akademi kreyòl la, te f on chita pale ak NetAlKole media 

Peterson Dorsainvil
ParPeterson Dorsainvil

Nan sousi pou ede plis moun dekouvri richès ki genyen nan lang kreyòl la ak pèmèt yo fè konesans tout bon ak evolisyon lang lan, ekip NetAlKole media te f on chita pale ak pastè Pauris Jean-Baptiste ki se yon akademisyen kreyòl, powèt ak ekriven. 

Nan ti chita pale sa ki dire anviwon 45 minit, pastè a dekri ki kalte plas enpòtan pwovèb yo genyen nan lang lan epi f on rale sou evolisyon lang kreyòl la epi eksplike poukisa l enpòtan pou n pratike lang manman n ak papa n nan. Li te pwofite f on pale de lavi l epi f on rapèl sou pasaj li nan tèt akademi kreyòl la epi l bay detay sou ki jan yo fonksyone. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Selon konstitisyon 1987 la, Ayiti gen 2 lang ofisyèl ki se kreyòl ak franse. Sepandan, nan atik 5 lan, li presize : «  sèl lang ki simante tout Ayisyen, se kreyòl la. » Akademisyen Pauris Jean-Baptiste pa t bliye chita sou sa tou. Klike sou lyen sa pou w gade entèvyou sila :

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Peterson Dorsainvil est journaliste, écrivain, slameur et amoureux fou des lettres. En quête de moi-même, je fais de ma plume ma boussoule dans ce monde désorienté.