Endividi moun pa idantifye piye epi mete dife nan lokal SunAuto S.A

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
endividi moun pa idantifye piye epi mete dife nan lokal sunauto s.a

Nan lannwit 12 pou ouvri sou 13 jen 2023 a, endividi moun pa rive idantifye mete dife nan lokal SunAuto a ki nan Taba aprè yo fin piye l, daprè jounal Le Nouvelliste ki premye rapòte nouvèl la.

Sosyete anonim sa ki espesyalize nan kesyon vann machin, viktim zak teworis gwoup ame yo nan rejyon metwopolitèn lan ki atake l nan lannwit lendi pou rive madi 13 jen an kote yo kase lokal li an epi mete dife ladan l.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ajan sekirite ki te sou plas yo nan moman atak sa rete disparèt jiska moman redaksyon atik sa daprè premye eleman enfòmasyon ki disponib yo. Antrepriz lan twouve l nan komin Taba, yon teritwa ki pataje ant gwoup ame “400 Mawozo” ak “Kraze Baryè “.

Malgre jefò k ap fèt bò kote fòs lòd yo, prensipalman inite espesyalize Lapolis yo, gwoup ame yo nan rejyon metwopolitèn lan kontinye ap ranfòse tèt yo epi teworize popilasyon an chak jou pi plis atravè yon latriye zak malonèt.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.