Prezidan Kiben an, Miguel Diaz-Canel, mande peyi CARICOM yo, pou ede Ayiti rive jwenn yon solisyon pasifik pou kriz politik, sosyal ak ekonomik li ap travèse a.  Prezidan Kiben an te fè apèl sa a pandan uityèm somè ant Kominote Karayib la (Caricom) ak Kiba ayè madi 6 Desanm 2022 a. 

Nan yon diskou nan kòmansman somè a, ki ap fèt nan Babad (Barbade), Prezidan Kiben an Miguel Diaz-Canel te di , menm jan ak anpil fwa nan listwa peyi a, ap Ayiti soufri nan yon sitiyasyon patikilyèman konplèks. 

« Nan non Kiba, ki anfavè estabilite ak lapè an Ayiti e ki defann dwa pèp  Ayisyen an  pou li jwenn yon solisyon lapè atravè dyalòg pou gwo defi yo, nou eksprime la a jodi a volonte pou kontinye lonje men nou bay  nasyon sè nou an », te deklere Prezidan Kiben an, Miguel Diaz-Canel. 

Yon lòt bò Chèf Gouvènman CARICOM yo  nan yon kominike mande tout moun ki konsène yo an Ayiti pou yo ini prese prese nan moman kritik sa a peyi a ap fè fas la  nan lide pou mete fen nan enpas politik la. 

Òganizasyon an gen ladann Antigwa ak Babida(Antigua-et-Barbuda), Bahamas, Babad, Beliz, Dominik, Grenada, Giyàn, Ayiti, Jamayik, Monsera, Trinidad, elatriye. 

Nap raple, Somè a kowenside ak 50yèm anivèsè etablisman relasyon diplomatik yo an 1972 ant Kiba ak Barbad, Giyàn, Jamayik ak Trinidad ak Tobago, ki te fèk pran endepandans nan men Wayòm Ini.