Peyi Koredisid ap peye moun 75 000 dola pou yo fè pitit

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
peyi koredisid ap peye moun 75 000 dola pou yo fè pitit

Fas a yon deklen l ap konnen nan koze natalite, peyi Koredisid pa vle rete bwa kwaze. Nan sans sa, gen kèk antrepriz, met ansanm ak gouvènman peyi a, ki pare pou bay moun 75 000 dola pou chak pitit yo fè.

Pitit se pa bagay ki tonbe kou grenn lapli nan peyi Koredisid. Selon rapò The Washington Post, nan lane 2022 peyi sa te afiche yon mwayenn 0,78 pitit pou chak fanm. Se to ki pi ba a nan tout mond lan. Se poutèt sa gouvènman an ak kèk antrepriz met tèt yo ansanm pou yo ankouraje moun mete plis timoun sou latè.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Gouvènman an bay chak moun ki gen pitit 750 dola chak mwa. Anplis, depi 7 fevriye, vil Séoul anonse nan The Korea Times gen yon fon 1,35 milya dola ki disponib pou yon pwogram pwokreyasyon. Pwogram sa la pou ede moun ki pa ka fè pitit yo jwenn solisyon. Y ap milite 24 sou 24.

Gen antrepriz ki ale pi lwen ak koze a : Lee Joong-keu ki se PDG antrepriz BTP Booyoung pwopoze anplwaye l yo 75 000 dola pou chak pitit yo fè. Gen antrepriz ki mete pi gwo lajan deyò toujou. Genyen ki mande paran an si li fè 3 pitit pou l chwazi ant 225 000 dola ak yon kay kote tout fanmi an ap ka rete san l pa peye yon goud.

Tout efò sa yo se pou kontrekare sa ki ka rive nan fiti a. Previzyon yo fè konnen mwatye popilasyon sa ka gen 65 lane an 2072, sa k ap gen gwo konsekans sou travay nan peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.