Piqué rive chwazi ant Messi oubyen Cristiano Ronaldo

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
piqué rive chwazi ant messi oubyen cristiano ronaldo

Nan kad yon antretyen Gerald Piqué bay yon Youtuber, ansyen jwè Barcelone lan fè konnen li pat menm gade Mondyal 2022 a, epi li pat sonje bay Messi respè paske l te chanpyon menm jan ak anpil lòt jwè nan mondyal pase yo. Ansyen Champyon Mondyal la, te pwofite chwazi ant Messi oubyen Cristiano Ronaldo.

Gérald Piqué pa t felisite Messi pou Mondyal 2022 a, aprè  Ajanten an te fin leve twofe a. Se nan kad yon interview ak John Nellis, ki se youtouber li di tout koze sa yo.

 » M pap bay manti, m pat swiv Mondyal la, ni m pat felisite Messi paske l te champyon, paske dènyè mwa sa yo te difisil pou mwen, m te jis bezwen dekonekte m. M pat ka gade okenn match nan Mondyal la, sèl final m te fè yon ti gade, pa menm tout. »

Men sa pa anpeche ansyen koyekipye Pulga a mete aksan sou meyè jwè istwa jwèt la.

« Messi se meyè jwè nan mond lan, mwen menm kwè li se meyè jwè istwa espò a, pami tout jwè ki pran Mondyal yo deja ».

Sou konparezon ak chwa ant Messi ak Ronaldoa, li te pale nan sans sa :

« Se yon bagay tout moun wè ant 2 jwè sa yo, se yon batay san parèy, tou 2 depase jwèt la. Pou dènyè ane sa yo m ap chwazi Messi. Paske Messi montre menm ak 35 lane, li kapab konpetitif. Se meyè jwè Mond lan, li sot montre sa nan Mondyal la ».

Facebook Comments

Partagez cet article