Plent rasis kont Vinicius yo pa sispann nan Liga

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
plent rasis kont vinicius yo pa sispann nan liga (1)

Nan dènyè klasiko a, ki te opoze Real Madrid ak Barcelone nan Liga, fanatik Barcelone yo te lanse kèk pawol rasis kont jwè Brezilyen an, nan kad 26zyèm jounen Liga. Aprè konpòtman ak pawòl rasis sa yo kont jwè madrilèn nan, Liga deside pote plent kon espektatè sa yo. Sa pral fè yon 8tyèm fwa pou sezon sa konpòtman sa yo repete nan chanpyona.

Pawòl ak konpòtman rasis yo pa sispann nan Liga, jodi jedi a, Liga deside pote plent kont tout detraktè ki gen yon atitid rasis kont Vinicius. Aprè premye klasiko a nan Liga, ensilt yo pat sispann kont jwè Brezilyen an, sa fè yon 8tyèm fwa sa rive nan Liga.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè premye mitan anpil fanatik Barcelone tap di yon ekip vye pawòl kont Vinicius. : » Mouri non Vinicius, pitit piten makak ».

Nan yon kominike Liga fè konnen nan klasiko a, te gen anpil konpòtman ak pawòl rasis ki te di kont jwè Real la. Liga te pwofite mande enfomasyon pou yo kapab idantifye responsab zak sa yo epi pran mezi kont yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive