Plis pase 50 prizonye mouri nan prizon, OCNH mande OPC pou li aji 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
plis pase 50 prizonye mouri nan prizon, ocnh mande opc pou li aji 

Òganizasyon Sitwayen pou yon Nouvo Ayiti (OCNH) fè konnen yo enkyete pou sitiyasyon prizonye yo ki ap mouri nan prizon yo anba epidemi, epi pwoblèm sosyo-politik peyi a fè sitiyasyon prizonye yo ap vin kritik. Plis pase senkant (50) lanmò te konfime nan 3 dènye mwa yo akòz malnitrisyon, nan sans sa OCNH mande OPC pou li ji san pèdi tan. 

OCNH nan nòt pou laprès li pibliye ayè jedi 7 oktòb 2022 a, di li kwè malfonksyònman Konsèy Siperyè Lajistis la (CSPJ) kòm yon kò administratif ak disiplinè, enkapasite  aktè jidisyè yo pou konfòme yo ak obligasyon yo ki gen rapò ak konfòmite ak dat limit pwosedi ak garanti pwosedi jidisyè, pousantaj inakseptab nan detansyon prevantif  ki estime a plis pase 82%, se yo ki pami prensipal bagay ki lakòz sitiyasyon prizonye yo vin pi grav, deplore òganizasyon an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan sans sa, Òganizasyon Sitwayen pou yon Nouvo Ayiti kwè li ijan pou tout moun ki gen enterè yo ale pi lwen pou yo ka chèche solisyon dirab ansanm, nan enterè prizonye yo ak piblik la an jeneral. Donk, estrikti a fè konnen OPC se yon aktè esansyèl nan rezolisyon kriz la. 

Mèt Camille Occius, Koòdonatè OCNH la, di nan dinamik sa a, sou baz plizyè apèl pou dyalòg ak konsilyasyon, OCNH konsidere kontèks la mande pou konsiltasyon ak solidarite tout pandan li  konseye OPC pou relanse pwosesis nonmen reprezantan sosyete sivil la nan CSPJ nan yon lide pou rezoud kriz jistis la.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.