Jean Charles Moïse pran “nòt eskiz” Listin Diario apre li te poste foto l bò kote 4 gwo bandi 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
Jean Charles Moïse pran "nòt eskiz" Listin Diario apre li te poste foto l bò kote 4 gwo bandi 

Lidè estrikti Pitit Desalin lan Jean Charles Moïse di li pran ” nòt eskiz” Listin Diario apre li te poste foto li “pa erè” ansanm ak chèf gang yo ki te entèdi antre nan Repiblik Dominikèn.  Ansyen palmantè a di li espere pi devan, jounal la ap pran swen pou pwoteje imaj li ak imaj ayisyen yo. 

 Jean Charles Moïse te reyaji apre ekskiz piblik jounal dominiken Listin Diario a. Nan  yon mesaj li pibliye sou Twitter,  jounal la te di li regrèt malèz li te kapab lakòz akoz foto sa, epi li di foto a te ajoute pa erè pou ilistre atik la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Mwen pran nòt Listin Diario regrèt li te itilize foto mwen an pa erè nan yon atik ki gen rapò ak swadizan lidè gang.  Mwen espere, nan lavni, w ap pran swen pou pwoteje non sèlman imaj mwen men tou imaj tout konpatriyòt mwen yo, san distenksyon, ” Jean Charles Moïse te ekri sou kont Twitter li a.
 

Apre erè  jounal dominiken sa ki rele Listin Diario te fè lè li te montre foto Moïse Jean Charles bò kote kèk gang, lidè politik la te jwenn solidarite sou rezo sosyal yo. Itilizatè entènèt ki soti nan divès orijin mande jounal la bay detay sou ka sa a.  Jean Charles Moïse te rekonesan anvè yo. 

“Mwen remèsye tout moun ann Ayiti ki te kanpe avè m nan dosye kont Listín Diario.  Mwen remèsye dyaspora ayisyen an antye, sitou jenès sa a ki chofe ak odasye.  Mwen fyè de nou epi mwen pap janm desevwa nou, te ekri ansyen senatè a. 

Nou ta dwe sonje atik kote foto Jean Charles Moïse te afiche a te vle bay enfòmasyon sou 12 chèf gang yo ki te entèdi antre nan Repiblik, men non Moïse Jean Charles pa t site okenn kote nan atik la. Jounal Listin Diario te efase foto a epi li te bay Moïse Jean Charles yon ekskiz piblik.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.