Plizyè gwo klèb swete siyen Melchie Daëlle Dumornay, OL sanble bon 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
plizyè gwo klèb swete siyen melchie daëlle dumornay, ol sanble bon 

Melchie Daëlle Dumornay prèske rive nan bout kontra l la avèk ekip Stade de Reims lan. Pepit ayisyèn nan gen anpil gwo klèb an Ewòp ak Etazini k ap fè l je dou pou yo ta jwenn sèvis li apati de ete k ap vini la a. Genlè se Olympique Lyonnais k ap met men sou jwèz 19 lane a. 

Nan ete 2021, Melchie Daëlle Dumornay ta pral kite tè peyi Dayiti pou l al fè talan l pale nan D1 Arkema a nan peyi Lafrans. Malgre tout lòt òf li te jwenn, se ak ekip Stade de Reims la li te siyen nan lide pou l te ka aprann epi grandi avan l fè yon lòt so nan karyè pwofesyonèl li. Kontra l ak ekip Remwaz la prèske fini e anpil gwo non nan foutbòl feminen an ta renmen akeyi l nan efektif yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan klèb ki bezwen Corventina yo, nou ka site Chelsea ak Manchester United nan peyi Angletè, PSG ak Olympique Lyonnais nan peyi Lafrans epi Real Madrid nan peyi Lespay. Gen yon klèb k ap evolye nan premye divizyon foutbòl feminen (NWSL) nan peyi Etazini ki bezwen Melchie tou, se KC Current. 

Selon jounalis Steven Goff, OL ta sanble boukle siyati Melchie Dumornay a. Corventina te fè yon esè avèk rekòdman D1 Arkema a ak Champions League feminen an deja nan lane 2018. De tout fason, li pwobab pou n wè Melchie k ap pote koulè yon gwo klèb sezon k ap vini la a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.