Akonplisman Lionel Messi yo pou lane 2022 a  

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
akonplisman lionel messi yo pou lane 2022 a  

Nou ka konsidere ane 2022 a kòm youn nan pi gwo ane nan karyè Messi lè n ap gade akonplisman l yo sitou tit chanpyon Mondyal la avèk peyi l. Si n fè yon voye je sou ane sivil jwè PSG a nan tèm chif ak twofe, n ap wè efektivman li te fè anpil koze nan ane sila a. 

Lionel Messi boukle ane 2022 a pandan l reyalize rèv timoun li : ranpòte Koupdimonn FIFA a. Li te bat peyi Lafrans nan final aprè seyans pennal. Se te twazyèm twofe entènasyonal li soulve ak peyi l nan espas yon lane edmi. Pou ane ki ekoule a, Pulga a pa t sispann mete chif atè ak ekip PSG a men pi plis avèk Albiceleste a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

An 2022, Messi foule pelouz la pandan 51 fwa. Li te pwofite de tan l pase sou teren an pou l make 35 gòl epi bay 30 pas desizif. Sa fè l kontribye nan yon afè de 65 gòl antou. Sa k parèt pi bèl la e ki kite kèk moun pansif, sèke Messi fè pi plis gòl ak peyil (18) pase klèb li (17) pandan ane sivil la. 

Lè n gade twofe endividyèl ak kolektif Leo yo pou ane a, se bèl bagay nèt. Non sèlman li pran Ligue 1 an ak Trophée des Champions an avèk Paris Saint-Germain, men li pran Finalissima a epi Mondyal FIFA Kata 2022 a avèk seleksyon Ajantin nan. Ansyen jwè FC Barcelone nan te fini MVP nan Finalissima a ak Trophée des Champions an epi se li ki pi bon jwè Mondyal la kote l te fè 7 gòl epi anrejistre 3 pas desizif. 

Aprè ane sila a, tout mond foutbòl la wete chapo l douvan Messi. Finalman, majorite obsèvatè mond sa konnen rive admèt natif Rosario a se pi gwo jwè istwa foutbòl la pa janm konnen. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.