Plizyè moun Bizoton kouri kite lakay yo, bagay la mangonmen

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
plizyè moun bizoton kouri kite lakay yo, bagay la mangonmen

Plizyè moun nan katye Bizoton kouri kite lakay yo aprè midi 30 me 2023 a aprè atak nèg ak zam yo ki ta soti nan Tibwa, ta fè sou plizyè rakwen nan komin Kafou pandan gran jounen madi sa. Plizyè abitan nan zòn bizoton 54 ak anviwon Kafou yo konfime redaksyon an enfòmasyon sa.

Nan yon gwo atak nèg ak zam yo idantifye kòm manm aktif gwoup gang Tibwa, bandi Christopher Chery alyas KrisLa ap dirije, 3 moun pèdi lavi yo, plizyè lòt blese anba bal jodi madi 30 me 2023 a, pami yo polisye Occil Franztdy yo rekonèt sou non Ti BIM. Plizyè moun ta kite lakay yo pou al refijye yo kay lòt moun, daprè temwanyaj kèk viktim.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè Kwadèboukè, Matisan, Tijo, Debisi ak plizyè lòt kote gang k ap balewouze fin fòse moun abandone lakay yo pou al fè desant lakay lòt moun, kounye a se tou moun Kafou, espesyalman nan zòn Bizoton. Plizyè moun ta abandone lakay yo aprè bandi ak zam ta rantre nan kèk kay. Yo tire gaz lakrimojèn andedan kay moun yo epi chase yo nan pwòp patiraj yo.

“Frè m se koka nou sot vide sou figi nou. Bagay la konplike. Mesye Krisla yo anvayi plizyè kay nan blòk la, se nan lari nou ye la”, te eksplike nan yon nòt vokal yon sitwayen ki abite Bizoton 54 sou WhatsApp youn nan redaktè nou yo.

N ap raple, depi nan kòmansman afwontman sa, bandi yo te deja koze lanmò 3 moun pami yo Occil Franztdy, anpil moun konnen l sou non Ti BIM, yon ajan 26èm pwomosyon epi ki te nan detachman ak komisè komin lan. Plizyè moun blese daprè sa kèk temwen rapòte, menmsi bilan ofisyèl yo poko disponib sou kantite viktim ki ta genyen aprè. Toutfwa, redaksyon an ap rete pi prè dosye a pou tout evantyalite.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.