Lapolis demonte yon rezo kidnapè nan Difò Leyogàn

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
lapolis demonte yon rezo kidnapè nan difò leyogàn

Ajan fòs lòd yo nan Leyogàn demonte yon rezo kidnapè nan zòn Difò, nan lannwit 29 pou rive 30 me 2023 a. Pandan operasyon sa a, lapolis mete dòmi nan je youn nan swadizan kidnapè yo ak 2 lòt jwenn arestasyon yo. Plizyè otaj jwenn liberasyon yo nan kad operasyon manch long sila a.

Nan kad yon operasyon lapolis la mennen nan komin Leyogàn, espesyalman nan Difò, PNH demantle yon estrikti kidnapin nan lannwit 29 pou louvri 30 me 2023 a. Yon manm gang sa a moun pa idantifye, bwè dlo bouch li ak 2 lòt jwenn arestasyon yo. Plizyè moun yo te kidnape jwenn liberasyon yo gras ak entèvansyon gwo ponyèt sa lapolis tanmen nan komin lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Operasyon sa a te fèt aprè yon paran te fin depoze plent pou yon pitit li ki rele Ernson Henry yo te kidpape. Malfra san manman sa yo te egzije yon sòm 100 mil dola ameriken pou libere ti gason an.

Pou kouwèl ye la, divès otaj jwenn liberasyon yo, pami yo tchyovi a, Ernson Henry. Plizyè manm gang sa, pou moman an, anba kontwòl lapolis, pandan enstitisyon an anonse operasyon an pa p kanpe.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.