Plizyè moun jwenn lanmò yo nan Kafoufèy

NetAlKole Publication
ParNetAlKole Publication
plizyè moun jwenn lanmò yo nan kafoufèy

Aprè plis pase yon jounen bal t ap chante nan zòn Kafoufèy, se plizyè moun ki jwenn lanmò yo anba men gang Gran Ravin yo. Nan plizyè kwen lokalite sila « aprè ti lapli a fin tonbe, se yon rigòl san k ap koule ».

Alòske popilasyon an nan Kafoufèy te lanse yon alèt bay Polis Nasyonal Ayiti (PNH) pou te vin ranfòse prezans yo nan zòn nan swit ak atak bandi gang Gran Ravin yo, te deja genyen gwo afwontman ant lapolis ak konplis Renel Destina (Ti Lapli) yo. Tankou nan Savann Pistach, kèk grenn polisye vanyan ki nan Sou Komisrya Savann Pistach la te kenbe tèt avèk gang sila, malerezman efò yo anven, an rezon efektif yo ki redwi, epi bandi yo deside fè plizyè viktim nan kèk lòt kwen pou vanje yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan Foucha, nan Riyèl Martino, nan Douyon ak nan Site 9, kriminèl Gran Ravin yo debake epi fè plizyè mò epi ale fè wout yo kè pòpòz. Aktyèlman, yon sous nan zòn nan ki sou kouvèti anonima rapòte « se dèy ki genyen nan Kafou Fèy, san konte genyen moun ki kòmanse fè pakèt yo pou ale lòt kote ».

N ap raple, aprè kou pèp la te fè kont plizyè bandi nan kòmansman semèn nan, chèf gang Ti Lapli te sèmante l ap koresponn avèk moun Kafou Fèy, malgre menas kriminèl la te fè, Leta ayisyen atravè PNH la pa t pran okenn mezi pou te pwoteje sila k ap viv nan katye Kafoufèy.

Depi ayè mèkredi a, Ti Lapli entansifye atak li yo nan katye sila, aprè Savann Pistach li atake plizyè lòt ti katye ki anndan, pyès moun pa alabri.

N ap raple objektif prensipal chèf gang lan, daprè menm sous la, se okipe Savann Pistach epi louvri yon wout ki bay sou mitan Pòtoprens pou ka vin vanje sòlda li yo ki tonbe anba manchèt ak kawoutchou pèp la, patikilyèman nan Kanapevè ak Tijo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article