Plizyè moun mouri anba bal mawon nan zòn estad Sylvio Cator

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
plizyè moun mouri anba bal mawon nan zòn estad sylvio cator

Pandan afwontman polisye yo nan zòn Vilaj de Dye a, plizyè moun nan nivo estad Sylvio Cator viktim bal mawon. Maten madi 16 me 2023 a, pou pi piti 3 chofè moto pèdi lavi yo anba bal mawon, daprè enfòmasyon ki disponib yo.

Lapolis nan kad operasyon y ap mennen nan zòn Pòtay Leyogàn ak Vilaj de Dye a makonnen fòs yo seryezman pou trake bandi ki pa sispann simen laterè nan katye sila a. Pandan tan sa yo, plizyè inosan viktim bal mawon san rete sitou nan zòn bò estad Sylvio Cator.

- Advertisement -
Ad imageAd image

3 chofè moto ki abitye travay atè bò estad la pèdi lavi yo anba bal mawon, malgre ajan fòs lòd yo ki te nan cha a te fòse moun yo kite espas la anvan afwontman yo te derape a.

Menmjan APCH ansanm ak lòt enstans ki responsab transpò piblik yo nan peyi a te entèdi tout sikilasyon nan zòn Matisan yo, li vin plis enpòtan pou machin ak moto ki abitye asire trajè bò Estad Sylvio Cator yo evite zòn sa a paske bal ki soti Pòtay yo se nan perimèt sa y al pèdi.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.