Lapolis nan vil Okay wete lavi « Woud Bòz » ak Éphésiens, 2 manm yon baz bandi

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
lapolis nan vil okay wete lavi woud bòz ak Éphésiens, 2 manm yon baz bandi

Lapolis nan vil Okay mennen yon kokennchenn operasyon maten madi 16 me 2023 a. « Woud Bòz » ak Éphésiens, se non 2 prezime bandi sa yo ki t ap teworize popilasyon an nan zòn simityè vil la ki pèdi lavi yo pandan operasyon gwo ponyèt sa a.

Lapolis detèmine pou opere epi kontre kare bandi san fwa ni lwa k ap fè lalwa tribò pa bò nan tout peyi a. « Woud Bòz » ansanm ak akolit li Éphésiens, se 2 prezime bandi sa yo ki bwè dlo bouch yo pandan yon operasyon sa nan kè vil Okay la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Plizyè manm nan popilasyon an konfime se ak bal polisye yo sakaje prezime chimè sa yo. Yo te sispèk mesye yo depi yon bon bout tan. Finalman jodi madi a, lapolis etenn souf prezime manm aktif yo nan baz bandi simityè a.

Pou moman an, mesye yo ap benyen nan san yo atè a nan vil Okay, pandan ajan fòs lòd yo anonse operasyon an fenk kare kontinye pou trake bandi k ap fòme oubyen ki soti lòt kote vin kache nan vil la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.