Plizyè ONG nan vil jeremi rekonèt yon move moman pandan dechoukay yo 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Foto : VBI

Ayè madi 20 septanm lan, manifestan yo te okipe depatman Grandans lan yon lòt fwa ankò, espesyalman nan vil Jeremi. Depi nan  maten, aprè rasanbleman yo, yo te kòmanse piye kèk lokal òganizasyon entènasyonal ki sitiye nan vil la. 

Pami lokal òganizasyon entènasyonal yo te piye yo plizyè jounalis te remake « Care Haiti ak ONG ACTED ». 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Revandikatè sa yo ki te tanmen mouvman sila a pote ale lakay yo tout sa yo te jwenn sou chemen yo. 

Pandan menm jou sa a, yo te menm eseye atake konpayi yo, daprè sa kòlèg nou yo te rapòte. 

Fòk nou raple tou, nan prèske tout vil Jeremi an, tout aktivite yo kanpe depi plis pase yon semèn akoz manifestasyon kont rate pwodwi petwòl yo ak ogmantasyon pri yo ki jiskaprezan, poko an favè sitwayen yo ki kanpe dèyè barikad yo chak jou ki jou. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.