Plizyè santèn migran gonfle kò yo sou fwontyè Meksik ak Lèzetazini a pou rete tann desizyon Tribinal Lakou Siprèm amerikèn nan sou desizyon Tit 42 a, si wi oubyen non y ap leve l. Tit 42 a, nan peryòd pandemi kowonaviris la, te anpeche anpil migran antre Ozetazini pou vin chèche azil.
Esansyèlman se migran ki sòti Kolonbi, Ekwatè, Kiba, Pewou ak Venezyela, ki t ap tann depi mèkredi nan fwontyè Juarez/El Paso a pou yo te ka mande azil pa bò kote otorite amerikèn yo.
Malgre fredi mwa desanm nan, moun sila yo rete san manje, pandan y ap eseye chofe tèt yo ak sa yo genyen, nan lide pou wè si yo ka pile teritwa ameriken an. Fernando Garcia, yon defansè Dwa moun denonse kondisyon migran sila yo sou fwontyè Meksik-Etazini a.
N ap raple, se ansyen prezidan Donald Trump ki te mete desizyon Tit 42 a an plas, pou te pèmèt yo depòte migran yo san okenn pwosedi.
Nan mitan mwa novanm nan, yon jij ameriken te estime yo itilize Tit 42 a nan yon fason ki « abitrè » pou bloke demann azil yo. Menm jij sila te bay administrasyon Biden nan 5 semèn pou leve Tit 42 epi prepare yo pou foul imigran ki vle rantre Ozetazini nan jou k ap vin la yo. Ayè 21 desanm nan se dènye jou a.
Facebook Comments