Bank santral peyi Ajantin deside rann Messi yon omaj  

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
bank santral peyi ajantin deside rann messi yon omaj  

Aprè Koupdimonn Ajantin fin pran dimanch ki sot pase a, Bank Santral nan peyi a pa deside rete gade ewo nasyonal la, Leo Messi, konsa. Yo fè konnen y ap mete vizaj Messi sou youn nan biyè peyi a sèvi. 

Onè ak merit yo, omaj yo ap soti tout kite tonbe sou Messi depi dimanch aprè l te fin chanpyon nan pennal sou Lafrans nan Mondyal FIFA, Kata 2022 a. Se tou pa Bank Santral peyi Ajantin pou l onore ewo li a pandan l prevwa konfeksyone yon biyè k ap gen vizaj li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Selon plizyè jounal an Ajantin, Bank Santral la vle pou se Messi ki vedèt nouvo biyè peyi a. Yon jounal yo rele El Cronista fè konnen Bank lan gen lide plase tèt jwè PSG a sou biyè 1000 peso yo. Rès ekip la t ap afiche nan do menm biyè sa a. 

Se gwòg bagay lè pote Koupdimonn lan nan peyi w aprè 36 lane absans. Ekip Lionel Scaloni an ekri yon istwa k ap rete nan lejand. Se sa k fè toupatou pare pou yo ba yo glwa yo merite a. Bagay yo ap byen mache pou jenerasyon sa depi lè yo fin pran tit la. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.