Lig dè Chanpyon an pédi 3 nan 4 meyè bitè istwa li nan sèlman 6 mwa

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
lig dè chanpyon an pédi 3 nan 4 meyè bitè istwa li nan sèlman 6 mwa

Aprè depa meyè bitè istwa Lig dè Chanpyon an, Cristiano Ronaldo, pou peyi Arabi Sawoudit. Pi gwo konpetisyon ewopeyen an pèdi 2 lòt meyè bitè nan istwa li ankò sou 4, nan sèlman 6 mwa. Karim Benzema ki pran wout Saudi Pro League la epi Lionel Messi ki pral evolye sou mayo Inter Miami a nan MLS la, peyi Etazini. Sèl Polonè a, Robert Lewandowski ki rete.

Aprè plizyè ane, Lig dè Chanpyon an te konnen anpil bèl moman ak bèl gòl. Jwè tankou Cristiano Ronaldo, Messi, Karim Benzema ak Lewandowski se 4 pi gran bitè nan istwa koup gran zorèy la. Aprè 6 mwa, sèl ansyen jwè Bayern Munich lan ki rete nan konpetisyon an, ki kapab amelyore estatistik li ak Barcelone pou sezon 2023-24 la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Karim Benzema

Aprè 14 lane sou mayo Real Madrid, Benzema rejwen klèb sawoudyen an, Al-Ittihad. Fransè a ranpòte Lig dè Chanpyon an 5 fwa ak madrilèn yo nan karyè li. Sòti nan Lyon pou rive nan Real Madrid, li fè 90 gòl nan konpetisyon an, san bliye yon Balon dò.

Robert Lewandowski

Nimewo 9 FC Barcelone lan ki te pase yon bon tan sou koulè ekip Bayern Munich lan, klèb li te rive pran Lig dè Chanpyon an, genyen 91 gòl, li se 3èm meyè bitè konpetisyon an, byen lyen deyè Cristiano Ronaldo ak Messi.

Lionel Messi

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jwè ki pran Balon dò 7 fwa a, depoze valiz li nan Inter Miami. Pulga a te rive jwe nan 2 klèb, Barcelone ak PSG. Ak Barcelone, li te rive pran Lig dè Chanpyon an plizyè fwa, sa ki te enposib pou li aprè 2 sezon nan PSG. Ajanten an reyalize 129 gòl nan tounwa a.

Cristiano Ronaldo

- Advertisement -
Ad imageAd image

Meyè bitè nan tout istwa Lig dè Chanpyon an, se premye jwè ki kite Ewòp la aprè eskandal li nan Manchester United pou l te rejwen Al-Nassr. Potigè a pase anpil gran klèb an Ewop : Manchester United, Real Madrid, Juventus. Li pran Lig dè Chanpyon an 5 fwa. Menm jan ak Messi nan PSG, li te echwe ak Juventus nan konpetisyon an. Jwè ki pran Balon dò 5 fwa a make 141 gòl nan Lig dè Chanpyon an.

Se vre Cristiano Ronaldo, Messi ak Benzema make istwa jwèt la ak tout Lig dè Chanpyon an, men gòl yo pa p sispann paske jwè tankou Erling Haaland, Mbappé, Victor Oshimen, Harry Kane, pou n site sa yo sèlman, kapab asire relèv la. Nan sèlman 6 mwa Ewòp la pèdi 13 Balon dò.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive