PNH la enfòme li reprann kontwòl komisarya Lestè a

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
pnh la enfòme li reprann kontwòl komisarya lestè a

Videyo a pat pran tan pou fè wonn rezo sosyal yo, patikilyèman Facebook. Aprè polisye ki afekte nan komisarya Lestè yo te deside abandone pòs yo akòz akonpayman yo pa t jwenn pou konbat ensekirite a nan komin sila, Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) anonse li reprann kontwòl komisarya sa a byen bonè ayè jedi 23 fevriye 2023 a.

Sou paj Facebook li, enstitisyon polisyè a fè konnen Direktè Depatmantal Latibonit la (DDA), Roger Goodson Jeune, ki gen plizyè ajan UDMO avèk li, reprann kontwòl komisarya Lestè a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

DDA a te tou pwofite plase yon veyikil blende nan zòn komisarya Lestè a nan lide pou pwoteje espas la ak sitwayen yo nan komin nan, daprè PNH, ki poste yon foto sou paj li ki montre 4 polisye UDMO akonpaye DDA a nan espas komisarya sila a.

N ap raple, premye kowòt polisye yo te abandone pòs yo fas ak pwisans bandi « Kokorat San Ras » yo nan Lestè ki te tante kidnape youn nan yo. Polisye sila yo deklare malgre divès apèl yo te fè pa bò kote otorite yo nan Wo Kòmandman polis la, okenn swivi pat janm fèt. Konsa yo te oblije abandone pòs yo pou yo pat viktim. Aksyon sila te lakòz anpil kè sote pa bò kote popilasyon an nan komin Lestè, nan depatman Latibonit ki tonbe totalman anba men gang pou kounya.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.