Òganizasyon Nasyonzini adopte yon rezolisyon ayè jedi 23 janvye a, ki mande peyi Larisi pou l sispann vyolasyon l yo nan peyi Ikrèn san pran tan, epi pou l mande fòs li yo tounen lakay yo. Asanble a voye mesaj fò sila bay pwisans lan yon jou avan premye anivèsè envazyon ris lan nan peyi Ikrèn jodi vandredi 24 fevriye 2023 a.
Rezolisyon sila, Ikrèn redije an konsiltasyon avèk alye li yo, apwouve ak 141 vwa, 7 kont ak 32 abstansyon. Peyi ki vote kont retrè a ris la se Byelorisi, Mali, Nikaragwa, Risi, Siri, Kore di Nò ak Eritre.
Jodiya Ikrèn antre nan dezyèm ane gè li kont fòs ris yo, ki kenbe tèt sere sere ak oksidan an.
N ap raple, twoup ris yo te antre an Ikrèn byen bonè nan maten 24 fevriye 2022 a, epi lanse pi move konfli Ewòp la konnen depi Dezyèm Gè Mondyal la. Yon lane aprè, teritwa ikrenyen an kraze, yon pati anba okipasyon Larisi. San konte gè a koute lavi ak plis pase 150 mil moun nan tou 2 bò yo, san bliye blese dèyè, daprè estimasyon oksidan an.
Aktyèlman Asanble jeneral la vin ògàn ki pi enpòtan nan Nasyonzini pou trete kesyon gè ki gen ant peyi Larisi ak Ikrèn nan paske Konsèy sekirite a, ki la pou kenbe lapè ak sekirite nan mond lan, paralize akòz dwa veto Larisi genyen.
Dwa veto Konsèy Sekirite Nasyonzini an se yon dwa ki akòde sèlman ak 5 manm pèmanan Konsèy sa a ki se Lachin, Lafrans, Wayòm Ini, Larisi ak Etazini, epi ki pèmèt yo bloke nenpòt rezolisyon oswa desizyon, kèlkeswa sa opinyon pi fò Konsèy la.
5 manm pèmanan yo egzèse dwa sa a lè yo vote negatif, men yon abstansyon oswa yon absans pa konsidere kòm veto.
Pou kounya, rezolisyon Asanble jeneral la pran yo, kontrèman ak pa Konsèy sekirite a, pa gen okenn kontrent men yo sèvi kòm mwayen pou jere presyon ki gen pa bò kote opinyon mond lan.
Facebook Comments