PNH la ranfòse prezans li nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
pnh la ranfòse prezans li nan zòn metwopolitèn pòtoprens lan 

Akòz ensekirite a pa chome, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) deside ranfòse prezans li nan lari Pòtoprens ak plizyè zòn nan antouraj li yo nan lide pou sekirize popilasyon an epi pèmèt li ale ak sòti nan aktivite l libelibè.  

Konsa, yon prezans polisyè konsiderab konstate atè nan kapital la, sitou depi semèn sa, kote nan prèske nan chak rakwen genyen patwouy polis k ap fè fouy, elatriye. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Fas ak ensekirite a k ap pran teren, Polis Nasyonal Dayiti (PNH) ap eseye mete serenite nan kè Ayisyen yo pou fèt fen ane yo. 

Enstitisyon polisyè a enfòme tou nan yon nòt, deplwaman inite elit SWAT (Special Weapons and Tactics) nan lari a nan kad estrateji yo genyen pou materyalize plan sekirite Direktè jeneral PNH la Frantz Elbé mete sou pye. Plizyè ajan SWAT, zam nan men te defile a pye nan plizyè kwen nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.  

Nan plizyè zòn tankou Petyonvil, Delma ak Taba, nan Sant vil Pòtoprens, plizyè machin polis konstate nan lari a ap enspekte moun, swa ki a pye oubyen sou moto ak nan machin. Fouy yo ale jiska 8è 9è diswa, nou remake. 

Sa ki pèmèt gen yon amelyorasyon tou piti nan aktivite lè swa yo nan kèk komin tankou Petyonvil, Delma ak Taba. Men atansyon se pa nan tout rakwen.  

N ap raple depi kòmansman ane a, fòs lòd yo ap goumen pou kwape ensekirite a ki etann kò l atravè ogmantasyon ka kidnapin ak asasina yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. Polis nasyonal la kontinye ogmante presyon li sou delenkan yo, sepandan, sa pa anpeche yo resanse nouvo dram tanzantan. Bandi yo defye lòd piblik la menm nan pri nanm yo, lapolis pa bò kote pa l di l pa p bay yo legen. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.