Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) nan yon nòt pibliye sou Facebook fè konnen, Polisye Anderson Destin te arete ayè Madi 11 avril 2023 a, pa Biwo Afè Kriminèl Direksyon Santral Lapolis Jidisyè a.
« Ofisye Lapolis sa a te arete pou prezime afilyasyon li ak gang 5 Segond, ki baze nan Vilaj de Dye ki ap dirije pa Johnson André, alyas « Izo » » enfòme otorite lapolis yo.
Soti nan 26èm pwomosyon PNH la, Anderson Destin kenbe kominikasyon konpwomi ak lidè gang ki rele « Izo », dènye kominikasyon yo te genyen, se te samdi 18 mas 2023 a.
Pou lemoman, DCPJ deja louvri pwosedi legal sou dosye a, an atandan l voye l bay otorite konpetan nan zafè a.
Facebook Comments